
Yon ti marabou
manman m rele l Fatine
pol soi tankou karamel
andedan dous makos
cheve l te long tankou yon sous
DLOOOOO
souri l pat jan m anpi l
min tankou yon bon van
bote l tap pote w ale
zanmi l se te fanmi l
e fanmil se te zanmil
yo pa t ka janm trayi l
gade l byen nan figi l
eske ou taka detwil?
lontan lontan
se te baron wi li te kon sevi
se li ki te kon n bout espri
gran gran n igwe
ew konnin gran gran n pat konn jwe!
"min tout jwet se jwet
kwochet pa ladan n"
sete yon bel jou konsa,
yon bon van te vante
Epi gran n Fatine leve lale
lale loin nan yon payi ki pa pre
jou ale,
jou tounin,
min li pa janm retounin
paske pitit pitit li se mwen
se pou sa mwen toujou visite racine mwen
poum ka toujou ekri pwesi pou gran n mwen
mwen konin sil te la
ou pa tap la.
(c) fania simon
www.lulu.com/faniasimon